HomeAngaje w epi sipòte nouFè yon don lajan

Fè yon don lajan

Sipò finansye

A kisa lajan w lan pral sèvi ?

Pesonn pa ka ranplase don san. Men pou pran san sa a , teste l, estoke l epi distribye l kote li nesesè, li mande resous tou. Kontribisyon w ede ranfòse dirèkteman kapasite operasyonèl PNST a.

 

Materyèl medikal

Kit pou pran san, reyaktif pou depistaj, ekipman pou konsève san.

Fòmasyon ekip yo

Fòmasyon pou teknisyen laboratwa, enfimyè k responsab sant oswa pòs transfizyon yo.

 

Rezo nasyonal la

Ranfòsman 25 sant ak pòs yo ki nan 10 depatman peyi a.

Sansibilizasyon

Kanpay pou ankouraje ak rekrite nouvo donè volontè.

Fè yon don lajan bay PNST

Chwazi kantite lajan oswa antre pwòp montan pa w. Kontribisyon w ap sipò dirèkteman sistèm transfizyon ayisyen an.

Fè yon don lajan bay PNST

Chwazi kantite lajan oswa antre pwòp montan pa w. Kontribisyon w ap sipò dirèkteman sistèm transfizyon ayisyen an.

Transfè labank dirèk

Pou fè yon viman pou PNST, ekri nou pou resevwa tout enfòmasyon sou kont bank lan (info@pnst.ht).

info@pnst.ht