Poukisa pou asosye w ak PNST ?
PNST envite enstitisyon yo sitou lekòl, inivèsite, asosyasyon, antrepriz, legliz ak òganizasyon kominotè pou yo patisipe aktivman nan pwomosyon don san volontè ak nan òganizasyon kolèk mobil.
Vin yon patnè, se kontribye nan yon aksyon enpòtan pou sante piblik, lè ou ede sansibilize, mobilize ak resevwa donè nan yon kad ki byen òganize ak ekip PNST an.
Atravè angajman sa a, chak enstitisyon patnè patisipe nan ogmante kantite san ki disponib an Ayiti epi li soutni dirèkteman efò ki fèt pou byen pasyan yo.

Fòm patenarya ki posib.
Yon patenarya ak PNST ka pran anpil fòm. Nou toujou adapte kolaborasyon an ak kapasite w ak bezwen nou.
Patenarya operasyonèl
Òganize kolèk san mobil, mete espas disponib ak sipò lojistik pou chèn transfizyon an.
Patenarya finansye
Finansman pou materè| pou pran san, fòmasyon, oswa ranfòsman pòs transfizyon nan depatman yo.
Patenarya kominikasyon
Repataje kanpay sansibilizasyon PNST yo, pwodui materyèl ansanm, entegre mesaj la nan kominikasyon w yo.
Patenarya teknik
Sipò nan modènize sistèm enfòmasyon an, devlope solisyon dijital, epi bay ekspètiz nan kalite oswa lojistik.
Ou pare pou kòmanse yon patenarya ?
Ou ka itilize fòmilè kontak la epi chwazi sijè « Patenarya enstitisyonèl » (partenariats@pnst.ht).