Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San — PNST / MSPP Ayiti

Bay san w, Sove lavi.

Se bay yon pati nan san w (kò w ap ranplase l byen vit san sa pa gen konsekans sou sante w) pou sove lavi moun.

0 +

Don San Nou Kolekte

0 +

Lavi Nou Sove

0 +

Donè Aktif

0

Sant ak Pòs Transfizyon

Enstitisyon nou an

PNST la : nan sèvis san, nan sèvis lavi.

Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon (PNST) a se yon direksyon santral nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) Ayiti. Li te kreye an 2004, li kowòdone epi garanti donasyon san pou tout peyi a, gras a yon rezo 25 sant ak pòs tranfizyon nan 10 depatman yo.

Misyon

Asire san ak tout pwodui ki sòti ladan l yo disponib, an kantite ak bon jan kalite ki sifi, pou tout popilasyon ayisyen an, lè yo bezwen yo.

Kijan pou Bay San

Bay san w nan 4 etap senp.

Li pap pran plis pase 60 minit nan tan w. Ekip PNST a ap akeyi w epi gide w nan chak etap yo.

  • 1
    Akèy ak enfòmasyon

    Ou bay enfòmasyon pèsonèl ou, pale sou eta sante ou ak fason ou viv. Tout enfòmasyon sa yo rete konfidansyèl.

  • 2
    Kontwòl medikal

    Yo verifye pwa w, tansyon w ak nivo emoglobin nan san w ou pou konfime si ou kapab bay san.

  • 3
    Pran san an

    Yo pran 450 ml nan apeprè 10 minit, yo sèvi ak materyèl esteril ki fèt pou itilize yon sèl fwa.

  • 4
    Repo ak ti goute

    Ou pran kèk minit pou repoze w epi pran ti goute ak bwason anvan ou ale, pou kò w ka rete byen idrate.

Angaje w

Plizè fason pou kontribye.

Gen plis pase yon sèl fason pou soutni misyon PNST la. Kèlkeswa sitiyasyon w, gen yon fason ou ka pote kole.

Bay san w

Jès ki pi dirèk e pi pa ka ranplase a. Ou dwe gen ant 17 a 65 lane, an bon sante, epi peze omwen 50 kg.

Òganize yon kolèk

PNST ap deplase vin nan enstitisyon w ak ekip li ansanm ak tout materyèl ki nesesè pou sa.

Soutni PNST

Ou ka fè yon don lajan, fè yon patenarya enstitisyonèl, oswa ede fè konnen misyon nou sou rezo sosyal yo.

Patnè nou yo

Yo soutni misyon PNST

PNST ap travay men nan men ak patnè nasyonal ak entènasyonal ki angaje yo pou ranfòse sekirite tranfizyon san an Ayiti.