HomeItilizasyon don yo

Itilizasyon don yo

Transparans finansye

Kijan kontribisyon ou yo itilize.

Ou te sipòte PNST ak lajan w, oswa w anvizaje fè sa. Men kijan kontribisyon w yo itilize avèk tout transparans ak presizyon. Transparans nan fason resous yo jere se yon angajman PNST pran ak tout moun ki sipòte li.

Prensip jesyon resous yo

  • Resous nou resevwa yo jere anba sipèvizyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP).

  • Okenn lajan nou resevwa kòm don pa itilize pou enterè pèsonèl oswa aktivite komèsyal.

  • Depans yo fèt an premye pou bezwen operasyonèl ki pi ijan nan rezo transfizyon an.

  • Chak ane, yon bilan sou fason resous yo itilize entegre nan rapò aktivite PNST la.

Kat (4) gwo kote kontribisyon yo sèvi

Materyèl medikal ak pwodui pou itilize

Pi gwo priyorite a. Kit pou pran san, tib, pòch san, egiy esteril, reyaktif pou depistaj se materyèl ki itilize Chak jou epi ki dwe renouvle regilyèman.

Fòmasyon ekip yo

Teknisyen laboratwa, enfimyè ak responsab sant oswa pòs yo resevwa fòmasyon kontinyèl. Bon jan kalite san an depann dirèkteman de konpetans ekip yo.

Ranfòsman rezo a

25 sant ak pòs transfizyon yo dwe kontinye fonksyone epi vin pi solid, sitou nan zòn ki pi lwen yo, ki bezwen plis envestisman nan ekipman ak enfrastrikti.

Kanpay sansibilizasyon

Pou rekrite nouvo donè volontè, PNST mennen kanpay nan kominote yo, nan enstitisyon yo ak nan medya yo, ki finanse an pati ak kontribisyon nou resevwa yo.

Ou gen yon kesyon ?

Pou tout kesyon espesifik sou itilizasyon kontribisyon w lan, ekri nan info@pnst.ht. Nou angaje nou pou nou reponn ou pi vit posib.