Gouvènans
Direksyon an gen bò kote l yon ekip kad teknik ki, gras a ekspètiz yo, patisipe nan pran desizyon estratejik ak operasyònèl. Lè sa nesesè, Direksyon an avèk oswa san kad teknik yo rankontre gwo otorite MSPP a pou diskite dosye ijan yo. Administrasyon an voye demann ak bezwen matèryèl yo bay Direksyon Administrasyon ak Bidjè MSPP a, e bezwen resous imèn yo bay Direksyon Resous Imèn MSPP a, Administrasyon an asire suivi yo e ka mande Direksyon an entèvni si sa nesesè. Kad teknik yo asire pou siveye aplikasyon plan ki prepare yo. Plizyè reyinyon suivi òganize nan diferan nivo pou asire pwogram nan ap mache byen.

Òganizasyon
Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San an òganize l sou (2) de nivo :
- 1
Nivo nòmal ak estratejik la, nivo sa jere pa Direksyon Pwogram : li responsab nan règleman sistèm san an, asire respè nòm, pwosesis ak estanda yo, defini objektif yo, fè suivi ak evalyasyon, epi aplike direktiv politik Nasyonal Sekirite Transfizyon San nan plan Nasyonal la sou oryantasyon pi gwo otorite Ministè a (MSPP).
- 2
Nivo operasyonèl la gen ladan l : Sant Nasyonal Transfizyon San (CNTS), Pòs Transfizyon San (PTS) yo, Pòs Kolèk San (PCS) yo, Depo San Kominotè (DDSC) yo ak Depo San Lopital (DDSH) yo. CNTS bay yon sèvis konplè : Pwomosyon don san volontè ; seleksyone donè, pran san nan sant fiks ak nan kòlèk san mobil, epi separasyon an an pwodui san ; depistaj maladi ki ka bay nan transfizyon, detèmine gwoup san ak tès konpatibilite kwaze ; konsève ak distribisyon pwodui san. PTS yo fè menm aktivite sa yo, sof depistaj maladi ki ka bay nan transfizyon. DDSC ak DDSH yo konsève pwodui san, fè gwoupaj san ak tès konpatibilite kwaze, epi distribiye pwodui san yo; premye yo bay a pasyan tout lopital ki nan menm zòn nan, epi dezyèm yo bay a pasyan lopital kote yo ye a.
Òganigram yo
Òganigram Estriktirèl
Yerachi enstitisyonèl sistèm nasyonal transfizyon san an
- Ministè sipèvizyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) MSPP
- Direksyon jeneral Direksyon Jeneral MSPP
- Pwogram nasyonal Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San PNST
- Sant nasyonal Sant Nasyonal Transfizyon San CNTS
- Kòlèk Pòs Kòlèk San yo PTS
- Kòlèk Pòs Kòlèk San yo
- Kominotè Depo San Kominotè yo
- Lopital Depo San Lopital yo
Òganigram estriktirèl sistèm nasyonal transfizyon san an — PNST / MSPP
Òganigram Òganizasyonèl
Estrikti fonksyonèl Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San an
- Direksyon jeneral Direksyon jeneral MSPP
- Direksyon Pwogram nan Direksyon PNST
- Depatman Administrasyon
- Resous Imèn RH
- Lojistik
- Dispatchè
- Chofè yo
- Sipò
- Depatman Finans
- Kontabilite
- Asistan kontab
- Depatman Asistans Teknik
- Fòmasyon
- Emovijilans
- Kominikasyon
- Pwomosyon don san
- Piblisite
- Depatman Suivi ak Evalyasyon
- Depatman Teknoloji Enfòmasyon
- Biyoteknoloji
- Ekipman ak Rezo Teknik
- Asistan
Òganigram òganizasyonèl PNST — MSPP • Abrevyasyon yo esplike pou fasilite lekti
Kad Legal ak Règleman
Desizyon ministeryèl ki te pran nan mwa novanm 2004 la te kreye Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San an. Li fonksyone sou tout regleman ki aplike pou Direksyon Santral MSPP yo, annatandan aplikasyon dekré-lwa 13 oktòb 2020 an.