Kat fason konkrè pou pote kole
Kelkeswa sitiyasyon ou, toujou gen yon fason w ka ede, kit se nan bay san w, tan w, lajan w, oswa fè vwa w tande.
Bay san w
Pi gwo jès solidarite ou ka fè pou ede pasyan ayisyen yo.
Si ou an bon sante, ou gen ant 17 ak 65 lane e ou peze omwen 50 kg (110 liv), don san w ka sove jiska 3 lavi. Pa gen okenn pwodui ki fèt nan laboratwa ki ka ranplase san moun.
- Yon don dire anviwon inèdtan an total
- Tout materyèl yo esteril, yo sèvi yon sèl fwa
- Entèvyou medikal konfidansyèl
Fè yon don lajan
Ede ranfòse kapasite operasyonèl PNST atravè tout peyi a.
Chak kontribisyon, menm si li piti, ap pèmèt nou ranfòse ekip yo, materyèl yo ak pòs transfizyon rezo nasyonal la. Se yon sipò konkrè pou yon sèvis esansyèl nan sante piblik.
- Don yon sèl fwa oswa regilye, jan ou kapab
- Ou sipòte yon sèvis sante piblik pi enpòtan
- Ou ka bay kontribisyon an pa viman labank oswa atravè fòmilè sou entènèt
Òganize yon kolèk
Envite PNST nan enstitisyon w pou mobilize kominote ou.
Kit se yon antrepriz, yon inivèsite, yon enstitisyon piblik oswa yon asosyasyon : PNST deplase ak ekip li ansanm ak tout materyèl li. Yon sal ak kòlèg ki motive sifi, PNST ap pran tout lojistik la an chaj.
- Se PNST ki jere tout lojistik la
- Menm estanda ak yon sant fiks
- Yon angajman vizib pou enstitisyon ou
Pataje misyon nou
Pale ak moun ki bò kote w sou don san oswa pwopoze yon patenarya enstitisyonèl.
Ou pa oblije bay san pou w antre nan mouvman an. Lè ou pataje misyon nou, lè ou sansibilize moun bò kote w, oswa lè w pwopoze yon kolaborasyon, chak jès ede ogmante enpak PNST la.
- Tout moun ka patisipe, san okenn kondisyon
- Patenarya ak enstitisyon yo toujou byenveni
- Chak pataj ka rive jwenn yon nouvo donè
Chak kontribisyon ranfòse misyon an.
PNST kowòdone sekirite transfizyon san sou tout teritwa ayisyen an : fòmasyon ekip yo, achte materyèl pou pran san, ranfòsman pòs transfizyon san yo nan 10 depatman peyi a. Travay sa a fèt gras ak sipò patnè enstitisyonèl yo, men tou ak solidarite sitwayen ki chwazi kontribye dirèkteman.
Bay PNST yon don lajan se yon zak konfyans nan sèvis sante piblik la. Li pa ranplase don san ,li fè l posib, paske li bay ekip yo mwayen pou kolekte, sekirize ak distribye san an kote li nesesè.
Fòmasyon ekip yo
Teknisyen ak enfimè kalifye
Materè| medikal
Kit pou pran san, reyaktif pou depistaj
Fè yon don lajan bay PNST
Chwazi kantite lajan ou vle bay oswa rantre pa w la. Kontribisyon ou sipòte dirèkteman sistèm transfizyon san ayisyen an.

Transfè labank dirèk
Yon patenarya pou sèvis sante piblik.
PNST ouvè pou tout fòm kolaborasyon ki ka ede ranfòse sekirite transfizyon san an Ayiti. Kit ou se yon antrepriz, Yon ONG, yon fondasyon, yon òganizasyon entènasyonal oswa yon asosyasyon kominotè : angajman ou ka pran plizyè fòm.
Asosye ou ak PNST, se antre nan yon demach responsablite sosyal ki konkrè e ki bay rezilta ki mezirab. Sa vle Di fè san ki disponib la tête an sekirite, aksesib epi an kantite ase pou tout Ayisyen.
« Nou ouvè pou tout kalite patenarya ki ka ranfòse kapasite nou pou sèvi popilasyon an. Chak kolaborasyon se yon opòtinite pou nou fè plis toujou. »
Direksyon PNST
Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San / MSPP
Kijan yon patenarya ak PNST fonksyone ?
- 1Ou kontakte nou
Voye yon mesaj ban nou nan partenariats@pnst.ht, kote ou presize ki kalite kolaborasyon ou swete ak enfòmasyon sou òganizasyon w lan.
- 2Nou etidye pwopozisyon w lan
Ekip nou an etidye demann ou an epi l ap pwopoze w yon rankont pou diskite sou fòm kolaborasyon ki pi adapte ak òganizasyon w lan.
- 3Nou dakò ansanm sou kondisyon yo
Ke se don materyèl, sipò finansye, kolèk san mobil, kanpay sansibilizasyon, n ap adapte kolaborasyon an ak mwayen ou ak bezwen nou.
- 4Nou aji ansanm
Òganizasyon ou vin fè pati rezo patnè ki angaje bò kote PNST pou ranfòse sekirite transfizyon san an Ayiti.
Fòm kolaborasyon posib yo
Akeyi yon kolèk san mobil
Don materè| medikal
Finansman fòmasyon
Òganize Yon kanpay sansibilizasyon ansanm
Sipò lojistik pou kolèk san yo
Sipò kominikasyon
Vwa w ak rezo w konte.
Ou pa oblije bay san w pou w fè pati mouvman an. Lè w pale de don san toutotou w ak fanmi w, nan kominote w oswa sou rezo sosyal yo, ou poze yon aksyon konkrè. Chak mesaj ou pataje ka rive jwenn yon moun ki pare pou vin yon donè.
Chwazi fason pa w pou kontribye.
Kit ou bay san w, tan w, lajan w oswa pataje vwa w, sipò w konte. PNST ap akeyi w epi akonpaye w nan fòm angajman ki bon pou ou a, pou sèvis sekirite transfizyon nasyonal la.
Ou gen yon kesyon ? info@pnst.ht — +509 12 34 5678