- Tit
Direktè, PNST / MSPP
- Nan pòs la depi
Oktòb 2008
- Espesyalite
Maladies atrapan
- Fòmasyon
Mikwobyoloji, Iminoloji, Jesyon kalite nan laboratwa
- Ansèyman
Pwofesè nan inivèsite
Daprè atik 19 Konstitisyon 1987 amande a, ki pale sou dwa popilasyon ayisyen an genyen pou li jwenn lasante, plis konsiderasyon direktiv Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an bay sou jesyon ijans ak kantite mò ki ka evite yo, Direktè Pwogram lan rasire popilasyon an : tout mezi nesesè déjà yo pran e y ap kontinye pran pou san ak pwodui san yo disponib pou pasyan ki plis bezwen yo.
Anpil efò kontinye ap fèt pou garanti sekirite san an ak amelyore aksè yo, malgre difikilte Pwogram nan ak peyi a ap fè fas. Jodi a, gen kèk nan difikilte sa yo vin tounen opòtinite pou mete sou pye yon pwogram ki pi solid. Li pwofite raple tou : patisipasyon kominote a nan pwomosyon don san volontè san enterè pèsonèl, konpòtman ki gen ti kras risk, ak patisipasyon nan kolèk san mobil yo jwe yon wòl enpòtan nan disponiblite san ak pwodui san ki gen bon kalite.
« Men ansanm, chay pa lou ! »
Doktè Ernst Noël
Direktè, Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San (PNST) / MSPP
Biyografi
Doktè Ernst Noël se Direktè Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San (PNST) depi oktòb 2008. Li fèt Pòtoprens, li se yon medsen espesyalis nan maladi enfektye, li gen yon lisans nan mikwobyoloji (bakteryoloji ak viwoloji), yon diplòm nan iminoloji klinik, ak yon sètifika nan sistèm jesyon kalite laboratwa. Li se yon pwofesè nan inivèsite tou.
Chemen li nan PNST montre yon evolisyon ki baze sou konpetans ak angajman sòti nan kowòdonatè rezo laboratwa yo, aprè sa asistan teknik nan PNST pou vin pran direksyon an. Depi plis pase kenz lane, l ap pote vizyon yon sistèm transfizyon san ayisyen ki solid, ki an sekirite e ki aksesib pou tout moun.
Kòm yon referans nan domèn sekirite transfizyon san an Ayiti, Doktè Noël reprezante PNST regilyèman nan fowòm nasyonal ak entènasyonal yo, e li travay kole sere ak OPS/OMS, Lakwa Wouj Ayisyen ak anpil lòt patnè enstitisyonèl.