Prezantasyon PNST

Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyon San (PNST) se yon Direksyon Santral nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ki te kreye an 2004. Li te sitou jwe yon wòl nan fikse estanda ak reglemante aktivite ki gen rapò ak Sekirite Transfizyon San, jiska 2019, lè Lakwa Wouj Ayisyèn ki te konn jere pati operasyonèl yo te retire kò l nan pwogram nana. Depi lè sa, MSPP te mande PNST jere tout sistèm transfizyon an nèt.
Dekrè-lwa 13 oktòb 2020 an, daprè sa OPS/OMS mande, te prevwa mete sou pye yon estrikti otonòm pou jere tout aktivite transfizyon yo, ki rele (ONASAPS) « Òganis Nasyonal San ak Pwodui San », lè li fin mete sou pye nèt, pral ranplase PNST.
Misyon
- Aplike politik MSPP nan domèn sekirite transfizyon san
- Garanti popilasyon an aksè a san ak pwodui san ki gen bon kalite an kantite ase nan moman li bezwen yo
- Defini objektif ki ka atenn tanzantan epi devlope estrateji pou reyalize yo
- Kowòdone aksyon diferan patnè ki enplike yo pou rive atenn objektif ki fikse yo
Valè Nou Pataje
- Anpati
- Angajman
- Solidarite
- Entegrite
- Ekspètiz
Vizyon
Mete kanpe yon sistèm nasyonal transfizyon ki entegre, ki kowòdone, ki pèfòman, ki rezistan e ki dirab, ki kapab bay san ak pwodui san ki parka chanje an kantite nan tout peyi a, ki respekte nòm ak estanda entènasyonal yo, e ki suiv pratik klinik san risk.

Responsablite
- Mete kanpe pwogram k ap asire disponiblite san ak pwodui san yo
- Aktyalize règleman nasyonal yo pou asire kontwòl kalite ak sekirite san ak pwodui san yo, nan tout chèn transfizyon an, daprè sa nòm entènasyonal yo di ;
- Mete kanpe yon sistèm ki pou jere kalite ak bon pratik fabrikasyon pou pwodiksyon san ak pwodui san yo ;
- Ranfòse kapasite pèsonèl la gras a fòmasyon inisyal ak kontinyèl pou garanti kalite sèvis transfizyon yo ak pwodui san yo ;
- Ranfòse sistèm siveyans san (Emovijilans) pou ka itilize pwodui san yo nan tout sekirite ak nan fason ki rezonab , garanti posiblite pou suiv tras san an nan chèn transfizyon an, epi bay tout pèsonèl ki enplike nan transfizyon san yo fòmasyon ;
- Garanti sistèm pou avèti donè san ki gen omwen yon makè reyaktif nan depistaj yo fyab, epi oryante yo nan yon sant pou pran swen yo.
Angajman nou pou Ayiti
100 % don san volontè
Rive nan 100 % don san volontè e gratis an Ayiti, epi bati yon rezo donè regilye nan tout peyi a.
0 % enfeksyon nan transfizyon
Redui to enfeksyon ki ka bay nan transfizyon yo (ITT) a 0 %, gras a tès ki fèt sou chak don.
San disponib toupatou
Garanti disponiblite, aksè ak sekirite pwodui san yo sou tout teritwa ayisyen an.
Ranfòse estrikti yo
Ranfòse estrikti transfizyon nasyonal yo epi devlope sistèm emovijilans nan tout peyi a.
Fòme pwofesyonèl yo
Fòme pwofesyonèl lasante yo sou itilizasyon klinik san an ak bon pratik transfizyon yo.
Sansibilize popilasyon an
Ankouraje don san volontè atravè kanpay nasyonal ak kolèk mobil sou tout teritwa peyi a.
25 sant atravè Ayiti
PNST konte sou Sant Nasyonal Transfizyon San (CNTS), ki chita nan Tijo (Turgeau), Pòtoprens, ak sou yon rezo pòs transfizyon san ki gaye nan tout 10 depatman peyi a.
Anplis sant fiks yo, PNST òganize regilyèman kolèk mobil nan antrepriz, enstitisyon piblik, inivèsite ak kominote yo, pou ale rankontre moun ki ka bay san yo.
Mezi sekirite yo
- Tès sistematik : VIH, epatit B ak C, sifilis, HTLV 1 ak 2, malarya
- Malarya se Yon maladi ki prezan an Ayiti : se pou tèt sa yo fè tès depistaj sou chak don san.
- Kontwòl kalite ki fèt ak anpil rigè nan chak etap chèn transfizyon an
- Yon sistèm emovijilans k ap devlope sou tout teritwa a
Dekouvri direksyon nou an
Doktè Ernst Noël ap dirije PNST depi oktòb 2008. Kòm medsen espesyalis nan maladi enfektye ak pwofesè nan inivèsite, depi plis pase kenz lane l ap pote vizyon yon sistèm transfizyon san ayisyen ki solid epi ki aksesib pou tout moun.
Yo sipòte aktivite PNST yo
PNST ap travay men nan men ak patnè nasyonal ak entènasyonal ki angaje yo pou sekirite transfizyon san an Ayiti.