10 lide moun konn genyen. 10 repons klè.
Yon don san ki reyisi kòmanse anvan menm ou rive nan pòt sant lan. Kèk ti mezi senp ou ka pran pou yon eksperyans pi konfòtab epi pou asire yo pran san w nan pi bon kondisyon.
Sa moun konn kwè :
Manke dòmi pa diminye kantite san ki nan kò moun. Pa dòmi pa anpeche ou bay san.
Sa moun konn kwè :
Non, bay san pa fè moun vin fèb otomatikman. Don san pa fè okenn mal sou sante donè a.
Sa moun konn kwè :
Daprè lasyans, nanm pa fè pati anatomi kò moun.
Sa moun konn kwè :
Syantifikman, non. Pa gen okenn prèv ki montre tanperaman, santiman, karaktè oswa lòt bagay konsa ka transmèt atravè don san.
Sa moun konn kwè :
Fòk nou respekte lafwa oswa kwayans relijye chak moun, men se sèl san ki ka ranplase san.
Sa moun konn kwè :
Ou dwe manje ak bwè nòmalman.
Sa moun konn kwè :
Wi, tout sachè san yo ranmase sibi tès ki fyab pou garanti sekirite moun ki pral resevwa san an.
Sa moun konn kwè :
An jeneral, li pa rekòmande pou moun bay san nan kòmansman règ li.
Sa moun konn kwè :
Grip se yon enfeksyon viral, li pa rekòmande pou bay san pandan enfeksyon an.
Sa moun konn kwè :
Aprè egzamen medikal yo, n ap gade si moun nan kapab bay san.
Ou gen yon dout ?
Si ou gen dout sou sitiyasyon pa w la, ale dirèkteman nan yon sant PNST. Ekip medikal la ap reponn kesyon ou yo nan tout konfidansyalite, san okenn jijman.