PNST ap vin jwenn ou. Òganize yon kanpay san mobil.
Kolèk san mobil yo òganize an kolaborasyon ak enstitisyon tankou lekòl, legliz, inivèsite, asosyasyon, antrepriz ak òganizasyon kominotè.
Anjeneral, gen seyans sansibilizasyon ki fèt anvan, pou enfòme, mobilize ak prepare donè yo. Dat, lè ak kote kolèk la ap fèt deside davans ak enstitisyon patnè a.
Aktivite sa yo ede ranfòse disponiblite san an Ayiti, pandan y ap pote sèvis ranmase san yo pi pre kominote yo.
PNST an deplase vin jwenn ou
Ekip nou an vin dirèkteman nan lokal ou ak tout materyèl ki nesesè yo. Sèl sa ou bezwen bay, se yon espas ki apwopriye ak kèk moun ki motive.
Menm kalite, menm sekirite
Anplwaye ki fòme, materyèl esteril, entèvyou medikal konfidansyèl : menm estanda yo tankou nan yon sant fiks, men lakay ou.
Yon gwo enpak kominote a
Chak kolèk san mobil kontribye dirèkteman nan disponiblite san an Ayiti, epi li mobilize kominote w bò yon jès sitwayen ki gen anpil valè.
Yon angajman konkrè pou enstitisyon w lan
Òganize yon kanpay donasyon san mobil avèk PNST, se plis pase yon aksyon lojistik. Se yon desizyon ki montre enstitisyon w lan pran swen kominote l, angaje l pou sante piblik, mobilize manm li yo nan fè yon jès sitwayen ki pisan.
Pou anplwaye, etidyan oswa manm ou yo, se yon okazyon pou yo bay san san yo pa deplase, pandan yon poz oswa yon èdtan ki lib. Pou òganizasyon w lan, se yon kontribisyon konkrè e vizib nan misyon PNST la.
Anpil antrepriz, administrasyon piblik, inivèsite ak asosyasyon deja angaje yo nan demach sa a atravè tout peyi a. Vin jwenn rezo patnè solidè sa a.

Kijan sa fèt ?
- 1Ou kontakte nou
Pou di nou ou enterese epi ba nou kote ou ye ak disponiblite ou.
- 2Nou gade si sa posib
Selon lokal ou ak kantite donè nou prevwa, nou dakò sou yon dat pou kòlèk la fèt.
- 3Ekip nou an enstale l
Nan jou a, se PNST ki pote tout materiel nesesè yo. Ou pa gen anyen pou ou prepare.
- 4Manm ou yo bay san
Kolaboratè, manm oswa etidyan ou yo vini pou bay san pandan tout jounen an.
Ou pare pou akeyi yon kolèk san ?
Tout sa ou bezwen, se yon espas ki apwopriye ak yon dizèn moun ki pare pou bay san. PNST jere tout rès detay yo.
PNST ap vin jwenn ou. Òganize yon kanpay san mobil.
Kolèk san mobil yo òganize an kolaborasyon ak enstitisyon tankou lekòl, legliz, inivèsite, asosyasyon, antrepriz ak òganizasyon kominotë.