HomePoukisa pou bay san

Poukisa pou bay san

Pesonn pa ka ranplase san w. Ni jès ou a.

An Ayiti, bezwen san yo reyèl e yo la chak jou. Kit se pou ijans chirijikal, konplikasyon pandan gwosès ak akouchman, chòk oswa maladi tankou malarya oswa anemi, lopital yo bezwen pwodui san ki disponib, ki an sekirite e an kantite.

Jiska jounen jodi a syantifik yo poko rive kreye san nan laboratwa. Pa gen okenn medikaman ni okenn pwodui sentetik ki ka ranplase san moun. Gen sitiyasyon kote se sèlman pwodui san yo ki ka chanje tout bon chans yon pasyan pou l viv.

Pesonn pa ka deside li pap janm bezwen san. Se poutèt sa don san rete youn nan jès medikal ki gen plis valè ki genyen.

Ijans chirijikal

Aksidan wout ak operasyon ijan mande pou san an disponib imedyatman pou sove lavi.

Matènite ak akouchman

Emoraji aprè akouchman se youn nan pi gwo kòz lanmò manman an Ayiti. Don san ou ka sove lavi yon manman.

 

Maladi kwonik

Anemi grav, malarya, maladi san : gen pasyan ki bezwen transfizyon san regilyèman pou yo ka kontinye viv.

 

Entèvansyon medikal

Operasyon, swen entansif ak anpil lòt trètman medikal pa ka fèt san pwodui san.

 

Chòk ak blese grav

Blesi grav : yon transfizyon san ka fè sove lavi nan premye minit aprè yon aksidan.

 

1 sèl don ka ede 3 pasyan

San ou bay la separe an globil wouj, plakèt ak plasma. Chak eleman sa yo ka ede yon pasyan diferan.

Mwen vle bay san

Valè donasyon san

Don san nan PNST baze sou senk prensip fondamantal.

Volonte

Yon chwa lib, san okenn presyon

Anonim

Idantite ou rete konfidansyèl

Gratis

San peye yon goud, san okenn rekonpans

Kalite

Bon jan kontwòl nan chak etap yo

Sekirite

Chak don san sibi tout tès ki nesesè pou garanti sekirite donè a ak moun k ap resevwa san an.